Halving - BullRun

Halving la diminye kantite nouvo bitcoins ki te pwodwi pou chak blok. Sa vle di rezèv la nan nouvo bitcoins pi ba, sa ki fè achte pi chè. Nan mache nòmal, pi ba rezèv (supply) ak demann fiks anjeneral mennen nan pi wo pri. Chak kat ane, kantite bitcoins te prodwi koupe an mwatye. Jou kantite BTC prodwi koupe an mwatye rele "halving" oswa "halvening". 


BullRun defini kòm yon peryòd de tan kote majorite envestisè yo ap achte, demann depase rezèv donk pri ap grenpe monte ak eksuberans wo. Plis yon lajankripto rar, plis valè li ap ogmante. 

Poukisa pri Bitcoin afekte lòt lajan kripto?

Nan espas lajan dijital la, li komen pou anpil pyès monnen ak tokens mouv similèman. Lè pri Bitcoin (BTC) monte, lòt dijital monnen yo gen tandans ogmante nan valè tou. Lè BTC desann li posib ke pri lòt kripto yo tonbe an menm tan. 



Achte nan bearmarket epi stoke jiska peryòd BullRun pou Vann oubyen ka jwi opòtinite ti bearish pou achte ak ti bullish pou vann kap ede reyalize pwofi

Anvan BullRun, BearMarket prezante opòtinite pou achte a yon pri pi ba, kidonk gen opsyon pou achte kripto a nan pri ki pi ba, vann li nan yon pri ki pi wo, Kòm envestisè alontèm, objektif prensipal se kaptire pi plis nan tandans monte an. 

Travay Trading Mansyèl kapab pwofitab chak mwa. Anlve 10-20% nan Pwofi reyalize pou ogmante sou kantite $Fon / Kapital answit retire rès pwofi via yn platfòm echanj. 

























Pa konprann anyen nan sistèm teknoloji kripto ak blockchain 

Tande odyo an epi gade videyo  sa pou konprann